Pèp Izrayèl la gen poul kanpe ankò
22 Mas 2024. Bonjou, nou sou chemen laverite a, chemen delivrans lan. Peze sou lenk saa, https://lechemenkreyol.blogspot.com/?m=1, an Anglè peze la https://lechemenn.blogspot.com/?m=1, an Fransè peze la https://lechemenfrench.blogspot.com/?m=1, an Espanòl peze la https://lechemenspanish.blogspot.com/?m=1, pou nou jwenn tout konsèy Bondye yo. Patajel avèk tout moun pou yo konn vrè chemen Bondye a pou yo kapab pran responsablite yo. Se pwofesi sa yo kap rive, jan sa kòmanse fèt la. Yo te fèt nan tan pase yo, e se yo menm kap kontinye fèt konyea nan dènye jou yo. Fè efò pou konprann pawòl yo pou nou kapab pran responsablite nou. Tè pwomiz lan, lavil Jerizalèm, peyi wa a, se Ayiti lye. Peyi Jidea a se Sendomeng, Jerizalèm avèk Jidea se de sè. Nou se pèp Bondye a ki se pèp Izrayèl la, ki vle di fanmi Jakòb yo. Bondye renmen nou, e lap tann nou. Bòn meditasyon.
Pèp Izrayèl la gen poul kanpe ankò
Moun pèp Izrayèl yo va tankou sab bò lanmè: moun pap ka ni konte yo, ni
konnen kantite ki va genyen. Si konyea a Bondye ap di: nou pa moun pam ankò, yon jou l’a di yo: Nou se pitit Bondye
vivan an. Moun peyi
Jidea ak moun peyi Izrayèl yo va mete tèt yo ansanm ankò. Y’a chwazi yon sèl chèf pou mache
ala tèt yo. Y’a grandi. Zafè yo va mache nan peyi a. Wi, jou Jizreyèl la pral
yon gwo jou. Se konsa n’a rele frè nou yo moun Bondye. N’a rele sè nou yo moun
Bondye gen pitye pou yo.
Comments
Post a Comment