Move wa Siri a kontinye
15 Mas 2024. Bonjou, nou sou chemen laverite a, chemen delivrans lan. Peze sou lenk saa, https://lechemenkreyol.blogspot.com/?m=1, an Anglè peze la https://lechemenn.blogspot.com/?m=1, an Fransè peze la https://lechemenfrench.blogspot.com/?m=1, an Espanòl peze la https://lechemenspanish.blogspot.com/?m=1, pou nou jwenn tout konsèy Bondye yo. Patajel avèk tout moun pou yo konn vrè chemen Bondye a pou yo kapab pran responsablite yo. Se pwofesi sa yo kap rive, jan sa kòmanse fèt la. Yo te fèt nan tan pase yo, e se yo menm kap kontinye fèt konyea nan dènye jou yo. Fè efò pou konprann pawòl yo pou nou kapab pran responsablite nou. Tè pwomiz lan, lavil Jerizalèm, peyi wa a, se Ayiti lye. Peyi Jidea a se Sendomeng, Jerizalèm avèk Jidea se de sè. Nou se pèp Bondye a ki se pèp Izrayèl la, ki vle di fanmi Jakòb yo. Bondye renmen nou, e lap tann nou. Bòn meditasyon.
Move wa Siri a kontinye
Lè tan wa Siri a pral bout, wa Lejip la pral
atakel. Wa Siri a pral vare sou li tankou yon van siklòn, li pral mache sou li ak tout cha
lagè li yo, tout kavalyel yo ak anpil batiman. Lap anvayi anpil peyi, lap
tankou yon gwo larivyè kap desann. Lap anvayi pi bèl peyi ki sou latè a, lap
touye yon pakèt moun. Men, moun peyi Edon, moun peyi Moab ak rès moun peyi Amon
yo va chape anba menl. Wi, lap anvayi tout peyi yo. Ata peyi Lejip pap chape. Lap
pran tout richès peyi Lejip la pou li: Lò, ajan, ak tout bèl bagay ki koute
chè yo. Lap fè moun Libi ak moun Letyopi yo bat ba devanl. Men, lap vin tande
nouvèl kap kouri soti nan nò ak bò soley leve. Lap pè, lap kase tèt tounen. Lap debòde, lap kraze brize, lap masakre
anpil moun. Lap moute gwo tant li ant lanmè a ak mòn kote Tanp Bondye a kanpe a. Men,
lap mouri, pap gen pèsonn pou potel sekou.
Comments
Post a Comment