Moun dwe respekte moun

 20 Mas 2024. Bonjou, nou sou chemen laverite a, chemen delivrans lan. Peze sou lenk saa pou kreyòl https://lechemenkreyol.blogspot.com/?m=1, pou Anglè peze la https://lechemenn.blogspot.com/?m=1, pou Fransè peze la https://lechemenfrench.blogspot.com/?m=1, pou Espanyòl peze la https://lechemenspanish.blogspot.com/?m=1, pou nou jwenn tout konsèy yo. Pataje yo avèk tout moun pou yo konn vrè chemen Bondye a pou yo kapab pran responsablite yo. Moun ki sòt nan dènye tan sa yo se pa moun ki pa konn li ak ekri yo non, men se moun ki derefize kwè nan laverite a e ki paka dezaprann  mansonj yo te aprann yo kwè yo.

Moun dwe respekte moun

Tout gran peyi yo di yo gen demokrasi. Men se demonkrasi yo genyen. Paske se demon an yap sèvi nan demokrasi a. Mo demokrasi a soti nan demon. Demokrasi fè moun fè sa yo vle, di sa yo vle, san okenn respè pou moun. Lè moun gen mwayen pou respekte moun, li pi bon. Dye nou an pa tap dezòd dekwa poul di pou moun pa respekte moun. Moun dwe respekte moun selon pozisyonl nan sosyete a paske fòk toujou gen patron ak ouvriye. Fòk tout lakou bitasyon yo gen chèf. Manman ak papa ki se reprezantan Bondye sou latè, fòk yo kapab chèf pou yo dirije fwaye a. Men konyea yo pa chèf. Yo pèdi pouvwa chèf yo te genyen an akoz demokrasi a. Yo pa ka jwe wòl yo ankò, akoz sa konyea, tout abitasyon tonbe. Pa gen okenn abitasyon ankò. Depi pitit la fèt konyea, li vin pa pitit ankò, demokrasi a fèl pa respekte paranl, li di sal vle, li fè sal vle. Li pa koute manmanl ak papal ki se reprezantan Bondye, li pa respekte yo. Li di sal vle, fè sal vle. Kay ki nan abitasyon an, li fèt li jwenn li la, li prèt poul pranl poul di se pou li lye pito. Paske li nan demokrasi, li ka fè sal vle, di sal vle. Pa gen moun kap dakò poul pèdi pouvwal devan yon pitit li fè. Pitit la dwe respekte moun ki fèl la, men demokrasi fè paran yo pèdi pouvwa yo devan ti moun yo. Demokrasi a detwi tout fwaye, e gaspiye lavi timoun yo. Jenerasyon delenkan sa a nou gen jodia, se pwodwi demokrasi a.   

Comments