Mechan an pral parèt sou nou

 17 Mas 2024. Bonjou, nou sou chemen laverite a, chemen delivrans lan. Peze sou lenk saa pou kreyòl https://lechemenkreyol.blogspot.com/?m=1, pou Anglè peze la https://lechemenn.blogspot.com/?m=1, pou Fransè peze la https://lechemenfrench.blogspot.com/?m=1, pou Espanyòl peze la https://lechemenspanish.blogspot.com/?m=1, pou nou jwenn tout konsèy yo. Pataje yo avèk tout moun pou yo konn vrè chemen Bondye a pou yo kapab pran responsablite yo. Moun ki sòt nan dènye tan sa yo se pa moun ki pa konn li ak ekri yo non, men se moun ki derefize kwè nan laverite a e ki paka dezaprann  mansonj yo te aprann yo kwè yo.

Mechan an pral parèt sou nou

Mechan an ap travay jou e nwi poul fè tout sal gen poul fè anvan jou pal la rive. Jou pal la ap avanse sou li a gran pa. Konyea, lap pare poul pran lari byen bonè an 2025 lan nan janvye. Lap parèt devan camera media nou yo poul montre nou ki moun majorite moun tap sèvi depi tout tan saa. Demon an ap parèt nan tout fòm li konn pran yo. Lap parèt an djab ki gen de kòn lan, lap parèt an moun, lap parèt an sèpan an. Lap parèt an moun blan, an moun nwa, tout kalite moun. Lap pran fòm li vle lèl vle. Lap parèt tout kotel vle, e lap pran la pawòl. Ou kapab kanpe nan blokis, epi li parèt sou ou ak lamel la. Lè saa, se ravaj lap fè. Anpil aksidan pral fèt, tout kalite aksidan. Anpil moun ap mouri nan aksidan sa yo, se li kap pran moun pal yo. Anvan Janvye 2025 lan rive, nou pral wè anpil bagay e nou pral boulvèse anpil sou latè. Tout kote ap jwenn pa yo. Mechan an ap parèt sou nou avèk tout lame move zanj li yo poul detwi moun pal yo. Lap tèlman fè dega, tèlman lap touye moun, wap panse pa gen chans pou okenn moun sove. Poutan se tout moun ki pou li yo lap pran, tèlman yo anpil. Moun ki pou Bondye yo, li pap ka parèt devan yo, lap tonbe. Se la ou pral wè siw te moun Bondye tout bon. Anpil moun gen non Bondye nan bouch yo, men se lè li konvenab pou yo. Yo pa janm fè sa Bondye mande yo pou yo fè. Kè yo se lanfè, kè yo pa bon. Moun sa yo pa moun Bondye. 2025 lan se demen, li tou pre nou. Nou dwe gentan fè tout sa nou dwe fè pou nou kapab epanye devan mechan an.  

Comments