Maryaj pwofèt la
21 Mas 2024. Bonjou, nou sou chemen laverite a, chemen delivrans lan. Peze sou lenk saa, https://lechemenkreyol.blogspot.com/?m=1, an Anglè peze la https://lechemenn.blogspot.com/?m=1, an Fransè peze la https://lechemenfrench.blogspot.com/?m=1, an Espanòl peze la https://lechemenspanish.blogspot.com/?m=1, pou nou jwenn tout konsèy Bondye yo. Patajel avèk tout moun pou yo konn vrè chemen Bondye a pou yo kapab pran responsablite yo. Se pwofesi sa yo kap rive, jan sa kòmanse fèt la. Yo te fèt nan tan pase yo, e se yo menm kap kontinye fèt konyea nan dènye jou yo. Fè efò pou konprann pawòl yo pou nou kapab pran responsablite nou. Tè pwomiz lan, lavil Jerizalèm, peyi wa a, se Ayiti lye. Peyi Jidea a se Sendomeng, Jerizalèm avèk Jidea se de sè. Nou se pèp Bondye a ki se pèp Izrayèl la, ki vle di fanmi Jakòb yo. Bondye renmen nou, e lap tann nou. Bòn meditasyon.
Maryaj pwofèt la
Premye fwa Sèye tap bay pwofèt la mesaj pou pèp
Izrayèl la, li dil konsa : Leve non ! Al marye ak yon fanm jennès nan
san ki pral twonpew. Kanta pou pitit wap gen avèl yo, yap gen menm san jennès
la tou. Se konsa pèp la vire do ban mwen. Yo pa kenbe pawòl yo te gen avèm. Se konsa pwofèt la leve lal marye ak Gomè,
pitit fi Diblayim. Gomè vin ansent, li fè yon pitit gason. Seyè a dil
konsa : w’a relel, Jizreyèl paske talè konsa, mwen pral pini wa Izrayèl la
pou krim Jeou, zansèt li a te fè Jizreyèl. Mwen pral wete gouvènman an nan men moun ras Izrayèl yo. Jou saa, map
kraze tout zam pèp Izrayèl yo te gen nan Fon Jizreyèl la.
Gomè vin ansent ankò, li fè
yon pitit fi. Lè saa, Seyè a di pwofèt la konsa : W’a relel Lowouchama,
paske map san pitye pou moun Izrayèl yo ankò. Pap gen padon
pou yo. Men, map gen pitye pou moun peyi Jidea yo. Mwen menm Seyè a, Bondye yo
a, map delivre yo. Men, mwen pap fèl ni avèk flèch ni avèk epe, ni nan goumen,
ni avèk chwal ak kavalye. Aprè
Gomè fin sevre Lowouchama, li vin ansent ankò. Li fè yon pitit gason. Lè saa, Seyè a di
pwofèt la : W’a relel Lorami, paske moun fanmi Izrayèl yo pa moun pam ankò. Mwen menm, mwen pa Bondye yo ankò.
Comments
Post a Comment