Lè tout sa pral fini

 18 Mas 2024. Bonjou, nou sou chemen laverite a, chemen delivrans lan. Peze sou lenk saa,    https://lechemenkreyol.blogspot.com/?m=1, an Anglè peze la https://lechemenn.blogspot.com/?m=1, an Fransè peze la https://lechemenfrench.blogspot.com/?m=1, an Espanòl peze la https://lechemenspanish.blogspot.com/?m=1, pou nou jwenn tout konsèy Bondye yo. Patajel avèk tout moun pou yo konn vrè chemen Bondye a pou yo kapab pran responsablite yo. Se pwofesi sa yo kap rive, jan sa kòmanse fèt la. Yo te fèt nan tan pase yo, e se yo menm kap kontinye fèt konyea nan dènye jou yo. Fè efò pou konprann pawòl yo pou nou kapab pran responsablite nou. Tè pwomiz lan, lavil Jerizalèm, peyi wa a, se Ayiti lye. Peyi Jidea a se Sendomeng, Jerizalèm avèk Jidea se de sè. Nou se pèp Bondye a ki se pèp Izrayèl la, ki vle di fanmi Jakòb yo. Bondye renmen nou, e lap tann nou. Bòn meditasyon.

Lè tout sa pral fini

Zanj ki te gen rad swa sou li a, dim ankò: Lè saa, Michèl, gwo zanj kap veye sou pèp ou a, ap parèt. Se pral yon tan kè sere moun poko janm wè depi yo sou latè. Lè lè a va rive, tout moun ki fè pati pèp ou a epi ki gen non yo ekri nan liv Bondye a, va sove. Anpil nan moun ki te mouri déjà yo pral leve vivan ankò. Gen ladan yo ki pral jwi lavi ki pap janm fini an. Gen lòt ki pral wont, yo pral soufri avilisman ki pap janm fini an. Moun ki gen lespri yo pral klere tankou limyè nan syèl la. Moun ki te moutre jan pou moun mache dwat yo va klere tankou zetwal pou tout tan tout tan. Nap kontinye.

Comments