Lè tout sa pral fini an kontinye

 19 Mas 2024. Bonjou, nou sou chemen laverite a, chemen delivrans lan. Peze sou lenk saa,    https://lechemenkreyol.blogspot.com/?m=1, an Anglè peze la https://lechemenn.blogspot.com/?m=1, an Fransè peze la https://lechemenfrench.blogspot.com/?m=1, an Espanòl peze la https://lechemenspanish.blogspot.com/?m=1, pou nou jwenn tout konsèy Bondye yo. Patajel avèk tout moun pou yo konn vrè chemen Bondye a pou yo kapab pran responsablite yo. Se pwofesi sa yo kap rive, jan sa kòmanse fèt la. Yo te fèt nan tan pase yo, e se yo menm kap kontinye fèt konyea nan dènye jou yo. Fè efò pou konprann pawòl yo pou nou kapab pran responsablite nou. Tè pwomiz lan, lavil Jerizalèm, peyi wa a, se Ayiti lye. Peyi Jidea a se Sendomeng, Jerizalèm avèk Jidea se de sè. Nou se pèp Bondye a ki se pèp Izrayèl la, ki vle di fanmi Jakòb yo. Bondye renmen nou, e lap tann nou. Bòn meditasyon.

Lè tout sa pral fini an kontinye

Zanj ki te gen rad swa sou li a, dim ankò: Bon. Kounyea, Danyèl, fèmen liv la. Selel byen sele jouk lè a va rive pou tout bagay fini. Anpil moun pral bat kò yo pou yo konprann sak pase. Lè saa, plis konesans pral gaye toupatou sou latè. Mwen gade mwen wè de lòt moun ki te kanpe bò larivyè a, yonn sou bò dwat, yonn sou bò goch. Yonn ladan yo pale ak zanj ki te pi wo a, nan direksyon tèt dlo a, zanj ki te gen rad swa sou li a, li mandel: Konbyen tan ankò anvan pou gwo bagay sa yo rive? Zanj lan leve bral anlè nan syèl la, mwen tande li fè yon gwo sèman nan non Bondye vivan an, li di konsa : Nan twazan si mwa, lè ya fin kraze tout fòs pèp Bondye a, tout bagay sa yo va rive. Mwen tande sal te di a, men mwen pat konprann. Konsa mwen mandel: Men mèt, ki jan sa ap fini menm? Li repon mwen:

Danyèl monchè, ou mèt al fè wout ou, paske koze sa a fèt pou rete kache epi byen sele, jouk lè a va rive pou sa fini. Lè sa a, anpil moun pral pase anba soufrans yo te anonse a. Yap soti netwaye, lave, blanchi. Moun kap fè mechanste yo menm pap konprann anyen, yap toujou rete ap fè mechanste yo. Men moun ki gen lespri yo ap konprann. Siw konte depi lè yo va aboli ofrann bèt ki pou fèt chak jou a, pou yo mete bagay nou pa renmen wè a, bagay kap bay gwo lapenn lan, kanpe nan Tanp lan, w’a jwenn mil desankatrevendi (1290) jou ki gen pou pase. Ala bon sa pral bon pou moun ki va kenbe fèm jouk mil twasantrannsenk (1335) jou sa yo va fin pase ! Ou menm, Danyèl, kenbe fèm jouk sa kaba, aprè sa, w’a mouri. Men w’a leve vivan ankò pou resevwa rekonpans ou lè tout bagay va fini !

Comments