Kisa pouw fè pou Bondye konnenw pou li
19 Mas 2022. Bonjou, nou sou chémen vérité a, chémen délivrans lan. Pawòl vérité a ap palé poun mountréw kisa pouw fè pou Bondye konnenw. Anpil moun di yap sèvi Bondye, yap travay pou Bondye men yo plen hèn, yap fè tout kalité méchansté. Ou kapab di ou konn Bondye, men èské Bondye konnenw. Ou kapab diw kwè, wap travay pou Bondye, épi Bondye pa menm konnenw, li pa konn travay wap fè a. Lè saa, se tankou wap fè kòvé, ou lavé menw ou siyél atè.
Kisa pouw fè pou Bondye konnenw pou li
Pou Bondye konnenw e konnen travay wap fè a, si
se pou li wap travay fòw météw an éta. Soti nan mantalitéw genyen laa pouw
chanjé konpòtmanw, chanjé mòd de viw pouw vin viv pou Bondye. Mennen yon vi
apa, dékòtikéw avèk tout zanmi payen yo, soti nan tout gwo plézi lèzòm yo, pa fè
foli pou anyen, pa anvi anyen moun posédé, viv avèk saw genyen. Soti nan adiltè,
maryé pouw réspékté maryaj ou pou maryaj ou a kenbé. Soti nan tout saw te konn
fè ou konnen ki pat daplon avèk Bondye, mandé padon pou yo pouw pa janm rékòmansé
fè yo ankò. Konnen wout Bondye a se yon wout ki étwat. Sa vlé di fòw dakò pèdi
zanmi ki pat zanmiw vré; fòw dakò viv ak ti saw genyen an,; fòw dakò pouw dékòtikéw
avèk byen matéryèl; fòw dakò inyoré moun ki vin chachéw kont ; fòw dakò
pouw pa vanjé anyen, kité Bondye aji pouwou ; fòw dakò kité sa vòlè vòlèw
yo pou vòlè yo, priyé pou yo paské yap péyé trè chè pou sa ; fòw dakò pou
pa rayi moun ni kenbé moun nan kèw ; fòw dakò pouw réfizé tout mové lajan,
tout koripsyon ; fòw dakò pouw pa kouri dèyè lajan pouw mété Bondye an prémyé,
pouw météw apa pouw senplifyé vi a. Se pa yon wout ki gen plézi, banbòch, élatriyé
ladanl; pa mété nan lidéw wpral débouché sou lajan lèw sou wout saa, sou viza
pouw pati, wpral genyen nan loto, wpral jwen djòb, pouw konnen se nan bagay sa
yo Bondye ap fèw byen pasé. Non, pa mété sa nan lidéw. Mété kwayans ou nan
Bondyew, rémèt li tout oumenm nèt ak tout saw genyen poul fè sal vlé avèw. Lèw
sou wout Bondye a ou kapab jwen soufrans, mizè, doulè, fòw pran yo tankoul te dous.
Toujou rété nan lapriyèw, toujou kenbé travay Bondye a, mété lafwa nan Bondye
tout tan. Wap chaché konéktéw avèk toupwisan an poul konnen ou pou li, ou
chwazil, wap chachél poul kapab mennenw nan wayòm li a.
Se pouw réspékté tout kòmandman Bondye yo. Ale
fè travay Bondye a nan tout koté, pouw poté bòn nouvèl wayòm nan alé nan tout
nasyon. Fè tout saw dwè fè yo, nan lè pouw fè yo a, enben se lè saa Bondye
konnenw kòm moun kap travay. Bondye konenw lèw fè efò pouw réspékté kòmandmanl
yo. Lèw métél an valè, lèw fè konprann ou konprann tout sal fè yo. Lèw démontré
ou konprann kòman Bondye bon. Lèw démontré réspè ou gen pou Bondye. Se jis lèw
vin avèk réspè ou gen pou Bondyew, se lè saa ou gen valè, se lè saa, saw fè a
konté. Lèw fè volonté Bondye, se lè sa travay ou a konté. Mété men nan travay
la, dégajé’n poun fè volonté Bondye. Fè travay Bondye a poun maché sou chimen
Bondye, pou nou kapab vin pitit Bondye. Se lè saa, ou travay pouw rivé koté ou
kapab kòmansé wèw ka rivé kotéw ta renmen rivé a.
Pouw érityé wayòm nan, fòw vin pitit Bondye. Nou
tout se kréyati men nou pa pitit. Pouw vin pitit Bondye, fòw travay pouw viv
pitit li. Moun ki pral nan wayòm nan se moun ki maché sou chémen Bondye a. Se
travay yon moun ki kapab fèw vin frè ak sè Jézi Kri, paské dépiw fè volonté
Bondye, ou kapab konsidéréw frè Séyè Jéziw. Lèw obéyi Bondye, ou obéyi kòmandman
Bondye yo, se lè sa a ou vin pitit Bondye. Lè saa, ou frè, ou vin se Séyè Jéziw.
Lè wap fè travay Bondye a ak tout kèw, ou vin pitit Bondye paské wap fè pawòl Bondye a fè chémenl. Ou se frè,
ou se sè Jézi Séyèw la ki te vin pran tout mati pou nou an, paskéw obéyi avèk
pawòl Bondye ; paské wap fè travay Bondye a fè chemenl ; paskéw réspékté
kòmandman Bondye yo. Moun
ki frè, ki sè Jézi Séyè nou an, ki wè tout bagay anvan nou, ki poté limyè a ki
se chémen an, moun ki frèl ki sèl yo, se moun ki obéyi Bondye nou an. Dépiw pa
obéyi avèk pawòl Bondye, ou pa anyen pou li. Ou pa pitit Bondye, ou pa anyen
pou li. Ou pa anyen pou pyès moun ki sou wout la kap maché sou chémen Bondye a,
ou pa anyen nou. Se jis lèw sou chémen Bondye a, ou obéyi, ou kwè nan pawòl
Bondye, se jis lè saa ou kapab pitit Bondye. Se lè sa a ou kapab frè nou, ou
kapab sè nou. Pou yon moun frè pou se Jézi Kri, fòk ou obéyi avèk pawòl Bondye.
Fòk ou fè tout sa Bondye mandé yo, pou fè tout sakrifis nou gen poun fè yo. Se
konsa pou tout moun antré nan wayòm Bondye a. Tout sak obéyi, ki kwè, ki déjà
sou chémen Bondye a, tout ap sové pou yal antré nan wayòm Bondye a. Enben lavi
a, se yo ki pral jwil. Tout moun ki kwè, ki obéyi, kap swiv chémen an, moun sa
yo se yon gwo bénéfisyè nan travay kap fèt laa.
Comments
Post a Comment