Moman triyaj la pral rive sou nou.
Denye sak pou te fet ki pral fe moman triyaj la rive sou peyi dayiti a, li fet la konyea, li pral kontinye fet, moman an pral rive. Lapriye nou yo mete sa an dominasyon se vre, men li pral pa bon. Bagay la pral vreman di pa bo isit, moun yo pa fe anyen menm nan sa yo te dwe fe yo. Malgré tout padon nap mande nan priye nou yo, moun yo fe tout sak pou fet yo, konyea men moun yo komanse nan koche moun nan vilaj yo. Nan potoprens moun yo komanse ap koche moun tankou bet. Le saa, se yon le ki rive sou nou laa. Se yon le ki rive sou nou, saa pa akseptab. Se se yon denye bout li ye, li pa pral lwen. Sa pa pral lwen paske, sa se youn nan envitasyon tout moun konen ki gen pou fet. Men lel fet la, pral gen anpil bagay ki pral pase, lew we yon ka konsa komanse rive. Sa kap fet la konyea tout mechan yo pran poz djab yo e yo djab vre. Konyea men youn komanse ap manje lot. Bagay saa pap rive lwen, triyaj la pral fet.
Tout moun
ranmase pye nou ak tout sa nou dwe fe. Ranmase pye nou pou nou mete nou dwat
paske nou pap konn jou saa. Sa se youn
nan jou nou pap vreman konen. Nan moman kap vin la yo li pap bon pou nasyon yo,
espesyalman Ayiti. Sa kap pase Ayiti la di anpil, men moun yo komanse ap koche
moun. Koche moun tankou bef ak kabrit, pou yo manje. Saa pap rive lwen, se sa
kap fe tout sak ta pran yon ti tan poul rive, li pap pran tan anko. Se sa kap
pase Ayiti konyea laa, Bagay la vin vreman di, manje dan an déjà komanse, pral
gen anpil lot bagay aprel. Sa vle di le ya ap rive sou nou pi vit, move tan yo
pral avanse sou nou pi rapid, grand tribilasyon yo pral rive sou nou pi vit pou
lafen an fet. Le nou di triyaj la, se moman Bondye pral chwazi moun pal yo ki
pral anlve yo, moman sa preske rive. Li pral triye moun pal yo pami mechan yo
poul retire yo la, paske se pral moman manje dan an pou mechan yo.
Se moman
grand tribilasyon an ki pral rive la, paske moun yo fe twop ki fe moman yo ap
rive sou nou pi rapid. Bondye pral
triye moun pal yo poul mete yo apa. Nou se yon jenerasyon ki we lafen bagay yo. Ki we sa nou patap panse, sa
nou patap janm imajine. Enben aranje nou lafen an rive sou nou. Lafen pou tout
mechan yo pase a lenfinitif la rive sou nou. Moun ki pa gentan prepare yo, yap pase nan menm fason an avek mechan yo
nan moman an. Aksyon nap mennen yo fe move moman yo presipite sou nou. Anpil nan nou poko menm gen bon jan
rasinn nou nan Bondye. Depi nou pa byen anrasine nou nap tonbe nan moman ki
pral vini la yo. Aranje nou, fe tout efo nou pou nou byen kore nan Bondye. Apre
sa, lew tonbe a se nan dife a ou tonbe a.
Comments
Post a Comment