Konen kijan poun ye.
Pa kite grangou, chagren, mize anparew pou few pedi pozisyonw. Se bagay sa yo Move zanj lan pral simen sou tout late. Lap simen pwoblem ki pou fe tout moun pedi bon sans yo, ki pou fe moun yo bliye si nanm yo ekziste. Se pwoblem sa yo ki pral genyen fok nou tout kanpe fem devan yo, paske se batay la li ye tou. Mize an fas ou se yon baton misye genyen. Lap kreye pwoblem pouwou se batonl sa, tout se baton li genyen poul konvenk ou. Le nou we bagay sa yo fok nou pa pe, toujou preche chak jou epi rete soude ak Bondye nan lapriye. Se pa manje selman, yon moun bezwen manje pou nouri ko a se vre, men yon moun bezwen bon lapriye tou, pou mete fos nan kow, pou mete fos nan oumenm pou fe batay sa. Chak tan nou we chagren vle anpare nou, priye Bondye nou an avek fos. Rele Jezi pi for poul pote fos pou nou, paske se pa nou menm ki dil, se limenm menm ki di, se pa avek manje selman moun viv. Se pa avek pen selman moun viv men se avek tout sak sot nan Bondye. Pawol Bondye a se yon serom li ye pou nou viv tou. Se pou nou pran fos Bondye a. Rele Bondye fo poul voye zanj ki la pou sa yo vin sipote nou. Len pa jwen manje fok nou kenbe fem. Chak gren moun ou preche, ou konvenk ki konpran, ki vin antre nan menm travay la, enben chak kou sa yo, se yon kout kouto li ye pou misye. Se yon fos anplis ou antre souwou pou konvenk misye.
Tout moun dwe soti ko yo nan sek Satan. Moun
ki renmen riches yo pap vle kite Satan, men gen kek nan yo kap kitel. Li met
nan lespri moun pou fe moun yo renmen tout kalite bagay net. Li kreye tout
kalite plezi, tout kalite anbyans, mete nan lespri moun yo. Sak pa anyen pou yo a kap mennen yo
nan move kote a se limenm yo vin pi renmen. Enben moun sa yo kapab toujou rete
avel. Si yo pa janm mache nan lojik nouvo kontra saa ki rive konyea pou
delivrans tout moun, enben tout sak pa koube yo ap rete avel.
Legliz pa
sevi Bondye, legliz ap sevi lom, yap sevi zanj mechan an. Koman legliz ap sevi
zanj mechan an, legliz toujou bezwen ed. Yo bezwen ed la a tou pri, jan yo jwen
li yap pranl. Yo fe legliz pou chache lajan, yo fel pousa menm. Otomatikman yo
jwen, yo pa bezwen konen nan men ki moun yo jwen nan yo pran, enben le sa yo pa
sevi Bondye non. Moun ki bawou a pa al legliz, men li bawou pou fe travay li,
pou fe travay pal la pou li. Le yo baw tout saw bezwen yo enben konyea la se
avek yo wap mache. Yo fe deplasman, yo vin we si legliz ou a gen moun vre. Move
zanj lan voye pou yo vizitew. Siw gen 10 legliz yal vizite yo tout pou yo we
konbyen pou yo bawou. Paske yap kenbew la pou yo baw bagay pouw toujou rete ap
sevi pou yo. Pagen zafe Bondye menm kap regle andan legliz yo, se zafe moun sa
yo ki bay bagay yo, se zafe yo kap regle.
Le yo fin baw
bagay sa yo konyea, yo baw sa wpagen dwa li, yo baw sa wpagen dwa pale. Yo diw
men sa siw di ki pap bon pou pep yo. Pep yo ap kraze late siw di yol, men sa
pouw di, pa kite yo konn laverite a. Siw kite yo konn laverite a ou pap ka
mennen legliz la. Men koman pou jere yo, mete yo nan diskisyon andan legliz la.
Se tout fomasyon sa, yo bay tout moun yap bay ed sa yo. Tout moun sa yo pa nan
sevi Bondye vre, ki fe legliz pap sevi Bondye. Sak pa jwen ed yo pa rete,
legliz yo paka kenbe yap kraze tet yo anko. Se konsa legliz an antye se yon
gran ko ke move zanj lan peye kap travay pou li.
Comments
Post a Comment